Si Depresyon Te Tèt Fè Mal

Bency Alphonse
3 min readJul 24, 2022
Photo by Siviwe Kapteyn on Unsplash

Mwen genyen yon tèt fè mal ki ap boulvèse m depi kèk tan. Li konn vini tou piti epi apre li vin pi mal. Konsa tou, li konn vini yon sèl kou, sanzatann. Gen de fwa yon bagay ki pase ka fè tèt fè mal la vin pi rèd. Gen de fwa se strès ki deklantche tèt la. Gen jou m pa fouti diw kote l soti ni kijan l vini.

Men, fòm diw, tèt fè mal mwen an se pa yon bagay mwen di lòt moun. Mwen pa vle moun konnen mwen gen vye bagay sa. Mwen fòse souri. Menm ri lè yon blag tonbe. Lè w pa kwè, se mwen menm ki ka bay blag la. Epoutan, se yon fasad. Plizyè fwa pa jou, majorite jou nan semèn nan se pa ti mal tèt la pa fè m mal. Gen jou sa tèlman pa bon, mwen prefere rete nan kabann. M pa sou fè okenn bagay ki ka pote plezi oubyen kè kontan. Lè pilon an komanse pile nan tèt anm, pa gen mizik ki enterese m. Mpa sou dans, m pa sou jwèt. Lè m konsa, m pa anvi wè zanmi, m pa sou soti. Solèy leve, solèy kouche, lalin, zetwal, anyen pa enterese m.

Souvan, lè tèt la ap fè m mal m pa ka dòmi e apeti m koupe. Gen lòt jou, se le kontrè: m domi san kanpe e m manje tout sam jwenn jouk lèstomak mwen fè m mal.

Men sa ki fè tèt fè mal la pi rèd se paske mwen pè di moun sa. M pa vle al kay doktè paske m pa vle yo fè rapò sou mwen. M panse sa ka fè m pa ka jwenn travay. Sa ka fè moun pa renmen m. Sa ka fè moun pè m. M pa vle moun panse se plenyen mwen renmen plenyen oubyen se paske m se yon moun ki fèb ki fè m gen maladi sa. M konn tande moun ap pale de tèt fè mal tankou yon vle maladi dyab. M pa vle pou moun gade m mal oubyen pou yo gade m ak pitye. Gen de fwa, pou m bliye mizè m, se tafya mwen vale oubyen se bòlèt mwen jwe, oubyen se lajan mwen gaspiye nan achte bagay mwen pa bezwwen. Osinon, mwen mande moun batay sou rezo sosyal yo san rezon.

Alaverite, gen de jou, tèt fè mal la tèlman move, mwen pa anvi viv ankò. Si se pa pou pitit mwen ki bezwen m, mwen te ka fini ak vye lavi malatchong sa.

Men, ou menm kap li pawòl sa yo banm poze w yon kesyon. E si tèt fè mal te rele depresyon? E si depresyon te rele tèt fè mal?

Reli tèks sa ankò depi nan kòmansman. Ranplanse “tèt fè mal” ak “depresyon”.

Tout maladi se maladi. Maladi se sou kretyen vivan sa tonbe. Pèson pa ka koupab pou yon maladi ki tonbe sou li. Si w malad, ke se swa tèt fè mal, ke se swa depresyon, chèche èd, cheche tretman. Lavi w konte pou Granmèt la e pou moun ki renmen w yo. Kenbe fò monkonpè. Kenbe fèm fanm djanm. Nou la pou ou. Nou renmen w.

--

--

Bency Alphonse

Bency Alphonse — Psychological Practitioner in Fort Lauderdale. Life and Wellness Coach. Community Leader. Entrepreneur.